Jodi a, jwen kat rezidans Ozetazini atravè maryaj vin pi difisil pase tout tan. Avèk nouvo administrasyon an, yo mete règ pi strik e yo vle fè li prèske enposib pou moun ki pa byen prepare.
Se poutèt sa ou dwe konnen mari oswa madanm ou byen, epi sonje tout ti detay, paske kesyon ou pa t atann ditou ka se li yo poze ou pandan entèvyou a. Si ou gen entèvyou imigrasyon pou kat rezidans ou, pran li trè oserye.
Yon avoka imigrasyon rakonte kijan li te patisipe nan yon entèvyou ki te dire 4 èdtan. Wi, 4 èdtan! Panse w ap chita anba presyon konsa san ou pa prepare… nenpòt ti erè ka fè ou pèdi chans ou, e sa ka detèmine si ou ka rete Ozetazini oswa ou oblije ale.
N ap mete sa klè: nou pa ankouraje okenn moun marye pou papye. Leta deja mete men fò sou maryaj fo. N ap di sa klè, nou pa konseye pèsonn fè sa.
Men pou moun ki vreman marye, epi ki vle mete papye yo an règ pou viv legal Ozetazini, fòk ou byen prepare. Konnen tout ti detay sou relasyon nou, jan nou viv ansanm, e sa nou fè ansanm. E pi enpòtan toujou, nou konseye nou pale ak yon avoka imigrasyon ki ka ede nou prepare pou entèvyou a.
Nou swete tout moun k ap fè prosesis sa bon chans. Fòk ou onèt, prepare tèt ou, epi mete tèt ou anfòm.
Koute yon avoka imigrasyon k ap eksplike eksperyans youn nan kliyan li yo pandan yon dènye entèvyou.
Mwen fenk sot soti nan yon entèvyou pou Kat Rezidans pa maryaj ki te dire prèske 4 èdtan, e m ka di nou entèvyou sa yo vin pi rèd anpil. Ajan imigrasyon yo ap fouye pi fon pase jan yo te konn fè. Pandan sezon lete a, anba administrasyon Biden, yo te konn pa menm fè entèvyou yo. Men kounye a? Yo pa jwe ditou.
Entèvyou a te kòmanse ak mari ak madanm nan menm chanm nan. Ajan an te poze kèk kesyon senp tankou:
“Ki kote nou abite? Ki kote nou te rankontre? Kilè nou te marye?”
Apre sa, li separe yo.
Li kenbe mari a an premye, epi li kòmanse fouye pi fon. Li te poze kesyon tankou:
Ki sa ou te fè fen semèn pase a?
Ki sa ou te fè samdi? Dimanch?
Ki sa ou te manje pou dine?
Si madanm ou ap bwè alkòl nan yon restoran, ki bwason li konn chwazi?
Ki kote nou te achte bag maryaj yo?
Lè sa a, li ba li yon papye, epi li di: “Trase yon kare. Kounye a trase chanm ou. Montre m ki kote kabann lan ye, dreswa a, klozèt la. Ki koulè mèb yo?”
Apre sa, yo chanje pozisyon san yo pa bay tan pou mari ak madanm pale. Yon ajan mete mari a deyò pandan lòt la mennen madanm lan antre. Yo poze menm kesyon yo.
Apre 4 èdtan konsa, yo mete yo tounen ansanm. Ajan an konpare repons yo:
“Ou di ou te fè sa samdi, men madanm ou di yon lòt bagay. Ki jan sa ye?”
Entèvyou sa yo pa fasil ankò. Gen anpil moun ki toujou ap di sou rezo sosyal:
“Relasyon mwen vre, mwen pa pè, yo ka vin tcheke.”
Men, ou ka pa menm gen opòtinite pou pwouve relasyon an vre si ou pa byen prepare.
Sa ou dwe fè?
Ale entèvyou a byen prepare. Pale ak mari oswa madanm ou davans. Repase ti detay yo ansanm – sa nou te fè fen semèn pase a, sa nou te manje, kijan chanm nan ye – paske menm yon ti erè senp ka fè ajan an panse relasyon an fo.