LYRIC
TOUNEN
Pou jan nou te renmen
nou pa t’ dwe janm kite
Nou pa t’ dwe janm separe
Lanmou n’ pa t’ dwe janm fenen
Nou te fe kont se vre
Nou te mare fache
men le m te di ou met ale
se pat sa m te vle
Chorus
Tounen nan vi mwen
tounen vin jwenn mwen
tounen ave mwen
Mwen pa t’ vle kwe se vre
M’ pa t’ kwe ou ale
M’ konprann se jwe ou t’ap jwe
ou t’ ap fe lago kache
Poutan ou te gen tan lwen
Gen tan sou yon lot chimen
Kisa pou m fe pou ou retounen
tounen jwen mwen
An nou rekomanse
tout bagay ap chanje
an verite an verite
se ou mwen vle
Chorus
Batri mwen dechaje
Mote m pa derape
le m san ou cheri
Ban m bouste pou m pati
pou m repran chimen
pou m pa peri
lonje m lamen
pou m gen yon demen
M pa ka viv san ou
Doudou doudou doudou