LYRIC
Artists: K-Dans
Album: S.O.S.
Song Title: Touman
Bondye deside ke lè a rive
Yon jou aprèmidi li voye chache-w
(Li voye chache-w cheri)
Sa pat pran lontan
M’ pa menm kwè l te pran yon minit
Ou pat menm gentan vin di-m ke w’ prale
Lè m’ te fè sèman cheri
Ke se lanmo ki pou separe-n
Mwen pat janm panse ke se bonè konsa li ta rive
Nan plan pa-m se mwen k’ pou t’al avan
Malgre tout touman ak konplikasyon
Kan menm nou te fon jan n’ dire ventan
Sèl konsolasyon se souvni ke mwen genyen
K’ap rete avè-m pou tout lavi
E si se konsa Bondye vini
Li retire-w lan men-m
Mwen konnen l’ap ban-m kouraj
Pou m’ kontinye sak kòmanse
Konsa lanmou-n ap dire pou tout tan
Konsa lanmou-n ap dire pou tout tan
Kon sab lanmè
Eye mama mamapeda
Mama, mama, mama
Eye mama mamapeda
Non, non, non, oh non
E si se konsa Bondye vini
Li retire-w lan men-m
Mwen konnen l’ap ban-m kouraj
Pou m’ kontinye sak kòmanse
Konsa lanmou-n ap dire pou tout tan
Konsa lanmou-n ap dire pou tout tan
Love an mwen
Nou de se ton bèl istwa
Ki pat dwe fini konsa
Ki te dwe kontinye ale tout tan
Men poukisa
Pou sa te pase konsa
Mwen pap janm ka fin dakò
Pou m’ leve lè maten e ou pa la
di mwen sa ou vle
Nou de se ton melodi
Ke tout moun te dwe chante
Ki te dwe kontinye ale tout tan
Love an mwen
Love an mwen se ou mwen vle
Love an nou se li k’ fè-m viv
Love an nou se li k’ mete solèy
Lajwa nan kè-m, se li ki ban-m lespwa
Ou hou, ou hou
Cheri, di mwen
Ou hou, ou hou
Se kè-m k’ap rache, se kè-m k’ap chire
Ou hou, ou hou
Cheri, w’ toujou sou kè mwen, sou kè mwen
Ou hou, ou hou
(Love an mwen, love an mwen)
Love an mwen se ou mwen vle
(Love an mwen, love an mwen)
Love an mwen se ou k’ fè-m viv
(Love an mwen, love an mwen)
Love an nou se li k’ mete solèy
Lajwa nan kè-m, se li ki ban-m lespwa
(Love an mwen, love an mwen)
(Love an mwen, love an mwen)
Love an mwen se ou mwen vle
(Love an mwen, love an mwen)
Love an nou se li k’ fè-m vibre, vibre
(Love an mwen, love an mwen)