LYRIC

Gade Ti Jocelyne ki vle pase pou bon jodia
Gade Ti Jocelyne ki konprann li kapab twonpe moun
Alon’w bèl istwa, a la de koze (x2)

Ti Jocelyne chita la pe pran plezi
Sou madanm Lebonheur kap fè pwòpte lakay li
Li pa wè si kay li chaje ak debri

Tout rad Jocelyne mete toujou mal taye
Men tiye l, rache l se li ki pi elegant
Jojo pran pòz li converti epi kay li genyen badi
Alon’w bèl istwa, a la de koze (x2)

Chak semènn ti Jocelyne nan discussion ak moun li pa vle peye
Kan yon lòt gon priz de goch, se poul mache jete diskredi
Vermin

Ou chaje ak pwoblèm, al pwòpte lakay ou (x2)
Ou chaje ak pwoblèm

Sa pa gen de zan ou batay ak sèw, lasosyete kondanew
Yè ankò ou pete on trouble, ou mete kouzenw deyò lakay ou
Tripòt

Ou chaje ak pwoblèm, al pwòpte lakay ou (x2)
Ou chaje ak pwoblèm

Ou pèdi konpaw (Jojo)
Ou san repondong (Jojo)
Al remizew (Jojo)
Bay moun repo (Jojo)

Added by

OpaStaff

SHARE