LYRIC
pafwa ou anvi ale yon kote tout moun konnen w’
yon kote y’anvi wè w’
yon kote w’ santi w’ byen
chak jou soley bondye leve pou chofe ke annou
tout moun pran lari pou y’ al cheche lavi
peyi m’ se pa m’ se la mwen santi m’ byen
se la yo renmen mwen
se la yo pale lang mwen
menm si sikonstans lavi ta fe m’ pati ale byen lwen
m’ap toujou retounen pou m’ ale we fanmiy mwen yo
mache prese pou n’ al we fanmi yo,
zanmi yo se yo ki pa nou
mache prese
lage m’ pou n’ ale
(bis)
mache, mache, mache prese
lage m’, lage mwen pou m’ ale
pou m’ale we vye fanmi mwen yo
kondisip de klas
ansyen zanmi m’ kite deye
(bis)
mache prese pou n’ al we fanmi yo,
zanmi yo se yo ki pa nou
mache prese
lage m’ pou n’ ale
(bis)
fanatik djaz la, men konpa
gad’ onw (gade yon) konpa
ay papa
men, gad’onw konpa
tipiti, men konpa
see, see phantom
fwet kach la
pandan m’ ny m’ telephone mwen di fanmi m’ yo m’ap antre
y’ap tann mwen, y’ap tann mwen
m’al potoprens m’al pwomennen
m’al sou champ-de-mars avek zanmi m’ yo
m’ale okap, m’al gonayiv ale okay desann jakmèl
m’ale port-salut m’al gade bel moun
monte labadi al benyen nan lanmè
mwen miami m’telefone mwen di fanmi m’ yo m’ap vini
m’ale okap m’al pwomennen, m’al citadelle al vizite
mwen pase nan sid gad jan peyi a bel
mwen monte nan nò m’al wè jan dani, fanatik nòmal
djaz la fenk ateri ayiti la
kino, it’s all yours now
anvayi moun
men konpa, men konpa
men djaz la
(konpa net al kole)
weyo weyo….
fanmi mwen yo, zanmi mwen yo
sa fe lontan mwen pa we nou
fanmi mwen yo zanmi mwen yo
kè m’ ap kontan lè m’ wè n’ anko
fanmi mwen yo zanmi mwen yo
sa fe lontan m’pa t’ janm we nou
zanmi mwen yo fanmi mwen yo
sa fe mwen kontan chak fwa nou rankontre
a wi ke mwen kontan, chak fwa nou rakontre
mmm se sa papa