LYRIC

Lavi sa a twò kout
Pou w ta chache konplike l
Men fò w sonje
Gen lezòt yo tou k ekziste
Yo gen menm bezwen avè w
Yo kapab vle yon bagay ou vle
E yo gen menm dwa avè w
Zanmi mwen fò w sonje

Se pase n ap pase
Ti tan w ap fè sou latè a
Fè yon jan pou w kontribye
Pa kenbe tout pou ou
Lonje men w pou pataje
Pa kite lajan fè w pèdi sans lavi
Pran l fè l sèvi
Pou fè mizè nou tout fini
E si nou tout pran menm kannòt
Nou va rive ret kòtakòt
Si yonn deside viv pou lòt
Zanmi mwen fò w sonje

Se pase n ap pase
Ti tan w ap fè sou latè a
Fè yon jan pou w kontribye
Pa kenbe tout pou ou
Lonje men w pou pataje
Sa ou bay ou pap pèdi
Lanmou w pou yon lòt ba w lavi

Pa ezite
Toujou pataje
Si w kontre frè w nan lari
Pran men l, pa kite l soufri
Pa ezite
Toujou pataje
Lè foumi ape fè nich
Youn ede lòt, san fè chich
Pa ezite
Toujou pataje
Pa kite pwochen w peri
Si w kab ba li souf lavi

Pa ezite
Toujou pataje
Lamitye
Nou dwe bouke ranse
Fò nou sispann betize
Pou nou wè verite
Sa ou bay ou pap pèdi
Lanmou w pou yon lòt ba w lavi

Pa ezite
Toujou pataje
Si w kontre frè w nan lari
Pran men l, pa kite l soufri
Pa ezite
Toujou pataje
Lè foumi ape fè nich
Yonn ede lòt, san fè chich
Pa ezite
Toujou pataje

Pa kite pwochen w peri
Si w kab ba li souf lavi
Pa ezite
Toujou pataje
Lamitye
Nou dwe bouke ranse
Fò nou sispann betize
Pou nou wè verite

Added by

OpaStaff

SHARE

VIDEO