LYRIC

[Intro]
Pap negosye w,
Mwen pap negosye ou doudou
Menm si w ale, m ap vin chèche w kanmèm

[Verse 1]
Sa fè 2 zan depi mwen damou
Malgre tout sa mwen fè pou mpa aji tankou moun fou
Mwen konnen byen w ap obsève m
Ou tande bri kouri sou mwen tout kote
Pawòl moun di fè w ap make m
Se sa k fè ou mete m nan penitans

[Chorus]
Mwen pa vle w fè m peye
Mwen pa bezwen peye
Pa vle peye pou feblès mwen
Se lanmou (3x)
Mwen pa vle w fè m peye
Mwen pa bezwen peye
Pa yon kado Bondye mete nan kè m
Se lanmou (3x)

[Verse 2]
Men aprezan mwen deside montre w yon lòt moun
Yon lòt aspè de mwen
Cheri pa dezekilibre m
Mèt ekri w ou pap pran plim lan pou reponn
Ou wè vilnerabilite m
M ap tann ou vin wete m nan penitans mwen

[Chorus]

Pap negosye w
Mwen pap negosye ou doudou
Menm si w ale, m ap vin chèche w kanmèm
Pap negosye w
Mwen pap negosye ou doudou
Menm si w ale

oh oh oh

[Verse 3]
Si w pa ni vi m, pou mwen se pi gwo krim
(nan vi mwen)
Yon krim ki ka paralize m
M ap gad telefòn nan m pa wè w ekri m
(ekri mwen)
Mwen konnen w gen pawòl pou di m
Li fè m mal jan m tande moun ap dekri
(lavi mwen)
Doudou mwen pape jwe viktim
Sou entènèt la se pa de kout plim
(sou do mwen)
Poutan w konnen mwen plis ke tout zòt k ap pale yo

[Chorus]
Ou fè m wè gen lanmou toujou
Ou fè m wè gen lanmou

Added by

OpaStaff

SHARE