LYRIC
Mwen ki finn travay m ‘rantre tou fatige
Mwen finn dezabiye’m benyen pou m’al manje
Li gen yon nouvèl pou’l ban mwen
Ki pran tranble tout nanm mwen
M’pat panse’l te serye, mdi’l cherie mwen pa sou sa
Li di’m kè’l ap rache si’l pa di’m sa kounya
Lè mwen mande’l poukisa, li di’m
[Chorus]
Cheri’m paka fè pitit
Mwen konnen se yon ka kritik
Lanmou mande sakrifis
Men si’w prale m’pap fè selfish
Sa fè lontan nou marye
San bebe fwaye’n manke
kòm pouvwa lòm nan limite
n’ap lage sa nan men bondye
Li tou dekontrole mind mwen
Gade yon move news li ban mwen
Li fè’m frèt, li fè’m cho
Mwen mande’l eske li serye
Paske m’panse se jwe l’ap jwe
Li gade’m, epi’l kriye
SUGGEST SONG: Lyrics She is a Boy – 3 Jès
[Chorus]
Si’w paka manman mpap kite’w pou sa
Si’w paka manman mpap jije’w pou sa
Si’w paka manman n’ap priye sou sa
Si’w paka manman m’deja p’ap papa
MASTERBRAIN
Baby listen, mete fanm sou ou
tande sa’m pral di’w
Fè vi’w nan kay la san’w pa tande mom li pa fasil
Lè fèt dè mè lakay vwazin nan gen yon repetisyon
se Bòn fèt manman, men’m pa vle’w panse’l gen plis benediksyon
pase’w, yo pa konprann yo pa nan pozisyon’w
Fò’n chèche fòmil pwoblèm yo avan solisyon
M’te pran’w pou lavi e m’pa wè sak pral fè m’ale a
Maladi p’ap fè’m bliye sèman m’te fè jou’m te marye a
M’te di YES, nan vye moman
M’te di yes, Lè sa pa bon
M’te di yes, nan kè kontan
M’te di yes, nan legliz lan
M’te di yes, lè’m t’ap bò’w bag la
M’te di yes, jiska lamò
M’te di yes, m’ap m’ap m’ap kenbe yes mwen
Cherie m’konnen ke ou pral dechire
lè fèt manman lè fèt papa rive
Si se pat ou li te ka mwen, e’m konnen ou t’ap still kenbe men’m
Sa fè lontan m’ap di’w sa kounya, kite’m prouve’w janm renmen’w