LYRIC

Mwen menm ave-ou
Nou damou pou lavi
Mwen feyte tout paj nan diksyone
M’pa janm arive trouve
Yon ti month ki suave
Ki kapab dekri lanmou nou
Lanmou sa telman fo
Li boulvese loloj mwen

Toi et moi
Nou soude pou lavi
Yon jounin pa pase
San ou pa nan panse’m
Yon nuit pa ale
San ke’m pa reve ou
San ou doudou
Lavi fini pou mwen

Ou ipnotize mwen
Preske pedi tet mwen
Cheri le’w ou bo kote’m
Mwen santi’m nan paradi
Ou se bousol
Ki pemet m’oryante mwen
Doudou lavi’m nan min ou
Mwen renmen’w pou letenite

Map toujou renmen ou
Malere dechire
An sante paralize
Si’m pa di ou
Je t’aime pli souvan
Cheri fo ou pa doute
Apre ou doudou
Pot nan ke mwen femin

Lanmou’m pou ou
Pa gen limit
Cherie ma rasure
Se ou ki tout lavi’m

Ak tout ke’m
Ak tout franchiz
Map di ou
Apre ou cheri
Pot nan ke mwen femin

Nou renmen pou lavi

Nou damou, kon moun fou
Tou lejou, pou toujou

O wi nou damou
Tou lejou papi
Wi nou damou
O wi nou damou

Cherie’m fou pou ou, e e
Nap rete Damou
Nou pap janm kite
Lese yo pale
Cherie’m fou pou ou
Nap rete Damou

Added by

OpaStaff

SHARE