LYRIC

La vi’m son’w turbulance
Toujou an dekadans
Jodia kèm kontan
Men’l pap dure lontan
Zanmi toujou trayim
Renmen toujou detwi’m
Lè’m panse mjwenn bone
Se lè sa’m fè erè

Mpa konn kisa poum fè ankò
Men map kontinye fè plis efò
Eske se mwen ki pi deven
Poukisa mpa janm kapab jwenn
Sa map chèche a (2x)

Chak fwa m’ fon’w moun konfyans
Mwen peye’l nan tout sans
M toujou bay tout mwen menm
Mpa janm jwenn anyen menm
Zanmi toujou trayim
Renmen toujou detwi’m
Lè’m panse mjwenn bone
Se lè sa’m fè erè

Mpa konn kisa poum fè ankò
Men map kontinye fè plis efò
Eske se mwen ki pi deven
Poukisa mpa janm kapab jwenn
Sa map chèche a (2x)

Si se mwen menm ki gon defo
Mpral fè efò poum vin miyò
Mwen toujou ap fè moun plezi
Aprè sa se mwen ki soufri
Mwen pa kwè nan kenbe rankin
Paske pou mwen son gro lakin
Mwen toujou prè poum padone
Olie pou mwen ta kondane

M’toujou bay kè mwen tout antye
Aprè sa se mwen ‘k toujou kriye
Fè du bien pou tout lavi’m
Malgre sa mwen toujou viktim
Fè tout sa’m konnen pou’m ere
Mwen toujou toujou malere
Chita sou menm tab ak lanmou
Men nou pa janmen di bonjou

1 , 2 , 3 let’s go
Gad janm pa gen chans

I don’t know what to do

Si gen on moun la ki konn sa map pale a
Eske sa poko janmen rive’w
Lanmou gen’w jan li voye’l anle
Li pa atrap ou ou pran on kout kouto nan kè ye ye ye ye

Tout sa mwen eseye pa janm ase
Mwen bay mwen tout antye
M pa janm jwenn mwatye
Mwen fè tout sa m dwe fe
Pou’m rann lòt satisfè

Let’s go

Added by

OpaStaff

SHARE