LYRIC

M’ap ekri w’ yon dènye mesaj ,mwen resevwa lèt ou jodia
Avoka di desizyon final, Nou pral divòse
Wi sa fè m’mal ke lavi nou te pran lari
yo p’ap konprann kijan sa detwi yon avni

izik fè sou do m’ lasosyete te mèt ri
men yo pa konprann kijan sa detwi yon famille
(Ede’m chante…)

Chorus
M’pat vle m’pat vle, m’pat vle divosè (Oh)
M’pat vle, pou nou rekòmanse
Gade kijan lavi’m chanje
fanmi ap separe timoun ape kriye rele papa bondye
(rele papa bondye oh)
(2x)

Sikonstans fè nou pa ansanm
men mwen pa regrèt, mwen gen bèl souvni
jodia m’di di w’ mèsi
Nou gen yon bèl tifi Lia toujou ap souri
Se vre li raple’m de ou nan je’l m’ap toujou ka reviv

[Chorus]

I’m moving on, moving on
mwen retire tou sak na kay la pou mwen ka eseye bliye’w
I’m moving on, moving on
sispann gad foto nou deux pou nostalji pa fin anvayi’m
I’m moving on (cherie) Moving on
M’aksepte kounya ou ale men nou gen yon pitit pou’n leve
I’m moving on Moving on
(Gade yon mizè konpa)
(kote lanmoun an pase)

Wo tout sa ki rive se destine (M’ap kontinye)
M’ap kite sa nan men bondye (M’ap kontinye)
(2x)

Added by

OpaStaff

SHARE