LYRIC

Mwen pa bezwen ale lopital
Pou Mwen konnen kijan mwen ye
Mwen pa bezwen ale lopital
Pou doktè di’m ke sa va mal

M’annik gade nan je’w mwen wè malè
Pou sa mwen sakrifye pou’w ka avè’m
Se chak jou’m lapriyè, chak jou’m woule chaplè
chak jou’m limen balèn pou’m ka wè klè

[Chorus]
E m’ap toujou malade
Mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen
M’konnen’w renmen’l tou
Malade, mwen pap janm geri
W’avè mwen jodia, ou te avè’l yèswa

Chanteeee…
Eya a, eya eya (x4)

Mwen pa bezwen ale ka gangan
Pou mwen konnen ke mwen pa byen
Mwen pa bezwen tranpe pye’m nan dlo
Pou lwa yo di’m ke mwen nan cho
Pinga’w fòse’m vale remèd bliye
M’eseye konyen fwa sa pa mache
Medikaman’m se ou, menm si doulè’m se ou
Menm si m’soufri chak jou, m’pap janm lage

[Chorus]
E m’ap toujou malade
Mwen pap janm geri
Menm si ou renmen mwen
M’konnen’w renmen’l tou
Malad, mwen pap janm geri
W’avè mwen jodia, ou te avè’l yèswa
Malade, mwen pap janm geri
M’ap kontinye soufri
Renmen’w se maladi’m

Pa vle konsiltasyon (x2)

Pike’m, pike’m nan tout kò’m
Mwen bezwen sewòm sa a menm
si ou fè’m malad
Pike’m, pike’m nan tout kò’m
Mwen bezwen sewòm sa a menm
si ou fè’m malad
Pike’m, pike’m nan tout kò’m
Mwen bezwen sewòm

Pa vle konsiltasyon (x2)

Added by

OpaStaff

SHARE