LYRIC
Separasyon bagay ki di
Lèlène Cheri pa konpran ke ap gen on chanjman
Ou se ti kè’m mwen pa sa kite’w
Kounye a se nan foto m’ap we’w
Les swa m kouche
M pa sa domi
Map mande
Ki le w’ap retounen
Paske m’ap tann ou
San pran souf
Pou nou viv bon moman
M pa sa kite’w
Ou pa sa kite’m
Sa fe nou de zan
Youn pa karase lot
Li le pou ou retounen lakay
Lèlène Cheri
W’ale
Lèlène Cheri w’ale nan New York City
Fo’w pa bliye pou’w ekri paran’w yo
Yo di’m nan New York genyen anpil fredi
Ou gen manman’w
Ou gen papa’w
Ou gen ti se’w
Ou gen ma tante’w
Ou gen kouzin’w
Ou gen neve’w
Pa bliye pa bliye Lèlène
Se gwo zen Lèlène
Lèlène Cheri
Se gwo zen Lèlène
Lèlène Cheri
Nou soti New York
Nou Soti New York
Nou pase Miami
Lè ‘n soti Miami
Nou pase Paris
Lè’n soti Paris
Nou pase la Guyane
Lè’n soti la Guyane
Nou pase Martinique
Lè’n soti Martinique
Nou tonbe Haiti
Nou tonbe Haiti
Nou rive le lanbi
Pa bliye pa bliye Lèlène
Se gwo zen
2x
Ou renmen ti bef
Pou kisa ou renmen’l
Ou genlè renmen ti bef
Pou kisa ou renmen’l
Tonnè kraze’m ou renmen’l
Renmen ou renmen ti bef
Ou te pati’w pat di’m
Mwen te pati an bref
Ou te pati’w pat di’m
Pa bliye pa bliye Lèlène