LYRIC
Konesans
Se sa k rete lè w fin bliye tout sa w aprann
Edikasyon ak eksperyans ki pou ba wou l
Rete lekòl
Wi si pou w konnen
Fò ou sispann monte desann k ap fè w pedi tan
Fò ou sispann pawòl anpil k ap fè w awogan
Fò ou saj pou aprann
Pou konprann
Fò w ka tann
Avèk yon ti efò wa va rive konnen
Pou Aprann
Pou konprann
Fo w ka tann
Chimen ledikasyon k ap ba wou la rezon
Poko poko poko
Poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen
Avan w pale tenten (2x)
Avan w mache fò ou rale
Avan w pale fò w mamote
Pou aji fò w reflechi
Ou te piti avan w grandi
Avan w fè gam fò w konn ankò
Pou rive fo w derape
Pou doktè fò w konsilte
Pou di ou fè fò w rele ZIN
Poko poko poko
Poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen
Avan w pale tenten (2x)
Si w Konnen – Di w konnen
Si w pa Konnen – Pa di w konnen
Poko poko poko – poko poko poko
Poko di ou konnen – poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen – Reflechi reflechi
Avan w pale tenten – Anav pale pale tenten
Poko poko poko – Poko poko
Poko di ou konnen – Poko di ou konnen
Monkonpe reflechi byen – Reflechi avan w pale
Avan w pale tenten
Konpè fè zero
Men se paske l kreten
Eske w konnen
Z-I-N fe ZIN
Kite l mache
Konpè fè zero
Men se paske l kreten
Eske w konnen
Z-I-N fè ZIN