LYRIC

(Kouplè 1)
Di mwen pouki chak fwa’w soti tèt mwen pati cheri
Tèlman m’jalou, mwen sanble m’fou, mwen paka viv san ou
Sa’k anpeche’w renmen cheri, jan tout lòt fanm renmen
Ou toujou prese, je’w toupatou, ou fè tèt mwen vire

(Kè)
Ou fè tout sa mwen rayi cheri
Poutan se ou m’renmen
Poutan se ou m’renmen cheri…
Ou fè tout sa mwen rayi cheri
Poutan se ou m’renmen
Poutan se ou m’renmen

(Kouplè)
Flash ou pa bon, kodak ou flou, foto’w fè a pa sanble’m
Si ou gade’m avèk tout kè’w wa wè kiyès mwen ye cheri
Aprann chèche, aprann konnen sa ki nan kè yon fanm
Aprann renmen, aprann sede sa’k fè bonè yon fanm

(Kè)
Ou fè tout sa mwen rayi cheri
Poutan se ou m’renmen
Poutan se ou m’renmen cheri…
Ou fè tout sa mwen rayi cheri
Poutan se ou m’renmen
Poutan se ou m’renmen
Cheri…
Sa s’on lot kay
Nou f’on lòt bagay
Wo ou oh

Tou al Download: Rutshelle Guillaume – Rebelle (Album)

(Pon)
Relasyon sa tounen yon kansè cheri
K’ap touye’n san’n pa konnen
L’ap mete nou nan chagren
Relasyon sa pi mal ke lanfè cheri
L’ap fè san’n vire lanvè
L’ap mete nou anba tè

Kouplè 3
Men konbyen fwa nou retwouve’n cheri nan men sitiyasyon
M’pa konn kijan, m’pa konn kouman cheri, pou’m jwenn yon solisyon

Wi mwen kole, kijan pou’m dekole
Wi mwen kole

Relasyon sa tounen yon kansè cheri
K’ap touye’n san’n pa konnen
Kouplè 4

Mwen gade’m nan glas mwen wè yon moun cheri ki pa sanble ave’m
M’tounen on esklav san diyite cheri, kilè pou’m dekole

Wi mwen kole, kijan pou’m dekole
Wi mwen kole, kijan pou’m dekole
Wo ou oh

Li tounen’l, tounen, tounen on kanse
K’ap touye’n san’n pa konnen
L’ap mete nou nan chagren
Cheri…
Li tounen’l, tounen, tounen on kanse
L’ap fè san’n vire lanvè
L’ap mete nou anba tè

Added by

OpaStaff

SHARE