LYRIC
Leve kanpe lite
Mare ren nou sere
Kite flanm solidarite
Klere chimen n ape chèche
An nou rekonsilye
Aprann konn padone
Se men nan pou nou monte
Mach pye ki pou fè n delivre
Peyi nou an dezabiye
Ayiti n nan fin dezole
Fò n fè yon jan frè m yo pou nou sove l
Peyi nou an gen dlo nan je
Ayiti n nan ape rele
Fò n fè yon jan
Yon jan pou nou resisite l
Si nou gen yon lòt vizyon
Na jwen lagerizon
Le sa na va reveye lwa
Ki kapab fe nou jwen la jwa
Peyi nou an gen dlo nan je
Ayiti n nan ape rele
Fò n fè yon jan
Yon jan pou nou sove l
Leve
Kanpe pou nou lite
Chimen an long
Men si nou kenbe yon jou na rive (2x)
Sa fè lontan n ap malmennen
Sa fè lontan kè n ap senyen
Li lè li tan pou nou renmen
An n lonje men nou bay demen
Yon demen k san doulè
Yon demen k san mizè
Kote n a va rejwen bonè
Kote n a va rejwen valè
Leve
Kanpe pou nou lite
Chimen an long
Men si nou kenbe yon jou na rive
Leve
Kanpe pou nou lite
Kisa n bezwen pou n fè peyi n vanse
Solidarite
Kisa n bezwen pou n fe peyi n mache
Fratènite
Kisa pou n fè pou ayiti chanje
Zepòl pou n kole
Kisa pou n fè pou Ayiti rive
Leve leve kanpe
Kanpe kanpe
Kanpe kanpe
Kanpe kanpe