LYRIC

Lyrics, Music, & Arr. by Nixon Mesidor & Jean H. Richard (Richie)
Hey baby…I feel so sorry .
Wo oh oh oh oh oh oh oh oh!
Hey!

Mwen ak mennaj mwen te gen 18ans lè yon gwosès met pye nan neglijan
Pawòl anpil, presyon paran te fè m kwè l pat pare pou l manman
Manzèl te toujou reve pou l ta ban mwen yon bebe
Men m pat ko gen matirite, te pè reponsabilite
Mwen tonbe bal presyon pou l fè dilatasyon
Aye! Pou mwen se te sèl solisyon
Men depi sa fin pase, konsyans mwen pa janm dòmi (pa janm dòmi)
Wi chak fwa m wè yon bebe, I feel so sorry!

I’m sorry! I’m sorry! (Hey! Hey!)
M pot ko konprann lavi! Konprann lavi! Konprann lavi!
Sorry!

Woy!
K-L-A-S-S! Klass nan vil la!
M’ap tann nou tout!

Oh oh oh oh oh oh! Oh oh oh oh oh oh oh! (Repeat/Repete 4x’s)
Guito zanmi m! Aya man!

Aye! Mwen di lè timoun lan pral tonbe (li pral avòte)
Menm nan klinik la avè l mwen pate ale
Mwen te rete ak zanmi m, panse m se bon jennjan
Ala bagay ki lèd se lè on nonm inyoran

♫ ♪I’m sorry! I’m sorry!
M pot ko konprann lavi! I’m sorry!
I’m Sorry! I’m Sorry!
M pot ko konprann lavi! I’m sorry!
♪ ♫

Hey! Hey!
Moman l te plis bezwen prezans mwen (li pat ka jwenn mwen)
Se lè sa m dezète l, lè sa m ret pi lwen l
Li te ka pèdi lavi l, avòtman gen peril
Mwen pa konn ki kote w ye
Cherie si wap tande

♫ ♪I’m sorry! I’m sorry! (Hey! Hey!)
M pot ko konprann lavi! I’m sorry!
♪ ♫

Mwen mande padon cherie!
Woy! Konsyans mwen soulaje!
Klass nan vil la!
Carmeless eksplike yo!
Oh oh oh oh oh oh oh! Oh oh oh oh oh oh! (Repeat/Repete 4x’s)
Doktè Junot ou wè kou a frè m!
Fè lanmou pa gen aksidan tande!

♫ ♪Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole (Vyole)
Si w konnen w pa chire (Neglijans li ye)
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite
♪ ♫
Timoun koute chè! Si w pa pare!
Di m kisa w pral fè! Si w pa pare!
Vi w ka gache! Si w pa pare!
Vi pa l an danje! Si w pa pare!
Li pa mande fèt! Si w pa pare!
Pito w mete chosèt! Si w pa pare!
Fè atansyon! Si w pa pare!
Pran prekosyon! Si w pa pare!
Pa vin di m se aksidan!

♫ ♪Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole (Vyole)
Si w konnen w pa chire (Neglijans li ye)
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite
♪ ♫

Woy! Timoun koute chè! Si w pa pare!
Wa di m kisa w pral fè la! Si w pa pare!
Evite bon! Si w pa pare!
Pase mande padon! Si w pa pare!
Li pa mande fèt! Si w pa pare!
Pito w mete chosèt! Si w pa pare!

Added by

OpaStaff

SHARE