LYRIC
Mwen jalou pou lapli
lè’m wè’l tonbe sou po’w li nwi’m.
Pase’l rive kote men’m pat janm rive.
Oh wi Mwen jalou pou lapli
Mwen jalou lè m wè van
Pou jan’l flote anba jipon’w
Jan’l vante nan mitan lonbraj wou
O wi mwen jalou menm pou van
REFREN
Mwen swete’w, mwen swete’w
tout sa ki bon pou wou
Mwen sonje mte di’w
lè’w ta prale aaa
Ou pa bezwen menm padone’m
En pensant ke’w tap tounen, Pou vin di’m
All you found was, heartbreak and misery
Li difisil pou’m di’w, mwen jalou Lè’m gade
jan kè’w kontan san mwen
Mwen jalou pou lan nwit
Tou nwit mwen pase san ou
Nan panse ak moun ki bò kote’w
oh wi mwen jalou menm lan nwit
Mwen jalou pou lanmou
lanmoun sila ki te pami nou
jodia se yon lòt moun
k’ap rele’w doudou
Oh wi mwen jalou pou lanmou
-REFREN-
Sanble m’pap ka jere sa
Mpa gen fyèl Pou’m dijere jan’m wè’w la
non mwen pap kapab (x2)
M’pat atann mwen ak jou sa a
M’pa kwè’m t’ap rive la
m’fin derekonèt tèt mwen
mwen tonbe fò pyèj ego’m
Dlo nan je’m ap nwaye’m
Lè’m wè’m pèdi tout byen’m
Lè’m sonhe sa’n te genyen
Mwen chaje ak regrè nan kè’m bebe
cheri’m mizerab