LYRIC
Adios amigo
Hasta la vista baby
Cheri an n’fe yon chita pale
Pou di m’laverite
Renmen nou sou chimen kraze
Eske se sa ou ap cheche
Pa di m’se sel mwen ou “aime”
Pou fe m’kwe ou pa chanje
Genle ou bezwen nou kite
Mwen ou pa konn jan pou di m’ ou ale
Cheri m’renmen ou se vre
Men pap move m’pap fache
M’pap rele m’pap kriye
Si ou dj m’ se yon lot ou vle
M’pare pou m’ aksepte
Nenpot sa ou deside
E si ou di m’ ou ale
M’ap di ou ale ale
Chorus/Lead
Adios amigo
Hasta la vista baby
Si lanmou pran yon lot chimen
M’pare pou m’ swiv chimen pa mwen
Menm si kounyea ke m’ap senyen
M’pa pral fe res vi m’ ap plenyen
M’pa bezwen ou pran pitye pou mwen
M’konnen san ou m’ap gen yon demen
Si pa gen lanmou nan ke ou pou mwen
Pa gen pwoblem si ou kite mwen
Chorus/Lead 2
Si ou gen lot fanm sou mwen
Bueno
Si lanmou ou l’pran yon lot chimen
Bueno
Si ou fatigue ave mwen
Bueno
Si ou santi ou pa bezwen mwen
Bueno
Si ou anvi revoke mwen
Bueno
Si ou anvi kite mwen
Bueno
Si toutbon ou vle lage mwen
Bueno
Si ou vle abandone mwen
Bueno
M’ap di ou m’ap di ou m’a di ou
Adios
Si ou pa renmen m’
Hasta la vista
Si ou pa vle mwen
Adios
Ou met ale
Hasta la vista
Mwen pap move
Adios
Mwen pap fache
Hasta la vista
Mwen pap rele
Adios
Mwen pa kriye
Hasta la vista
Chorus/Lead 1
Si ou pa renmen mwen si ou pa bezwen mwen
Ou a va fe chimen ou m’va fe chimen mwen
M’pap move m’pap fache m’pa rele m’pa kriye
Si ou vle ale ale ale
Ale ale ou si ou vle ale
M’pap fose ou rete si ou pa vle rete
Si ou pa vle m’pa bezwen m’mwen pap mande ou rete
Ale ale…