LYRIC
Pèsonn pa vle kwè se vre
Fwa sa m damou tou bon vre
Mwen t’ap jwe lago kache
Kache pa vle di kase
Pèsonn pa kwè, men se vre
Kounye a m`damou tout bon vre
Nou tou pre, je nan je, kè´m kase
M`tou konn sak pral pase
Mwen jwenn yon zanmi Dous tankou yon mango mi
Lannuit nou pou n`jemi M`pa sa dòmi
Nou met joure, n`met kraze,
n`met brize Lè kòk ap chante,
n’a fèk kare ap danse
SUGGEST SONG: Lyrics Kansè – Kaï (feat ft Rutchelle Guillaume)
Refren
Lanmou se flanm ki klere devan`m
Lanmou se kan’m, se sa`m vle defann
Lanmou se zam ki fè´m santi`m fanm
Lanmou se san`m
Verse 2
Chak fwa tankou premye fwa
Chak fwa tankou denyè fwa
Lanmou nou se tout pou tout
Nou pa ka mize nan wout
Kò nou mare, swè koule, n`depale
Kòk ap chante nou fèk kare ap danse
Refren
Wi lanmou se flanm ki klere devanm
Wi lanmou se zam ki fè´m santi’m fanm
Wi lanmou se pa’m, wi lanmou se sanm
Wi mwen jwenn yon nonm, nou vle ret ansanm
Wi lanmou, wi lanmou