LYRIC
-Verse- 1
Pèsonn pa vle kwè se vre
Fwa sa m damou tou bon vre
Mwen t’ap jwe lago kache
Kache pa vle di kase
Pèsonn pa kwè, men se vre
Kounye a m damou tout bon vre
Nou tou pre, je nan je, kè m kase
Tout moun di sa k pral pase
(M tou konn sa k pral pase)
-Bridge-
Mwen jwenn yon zanmi
Dous tankou yon mango mi
Lannuit nou pou n jemi M pa sa dòmi
Nou met joure, n met kraze, n met brize
Lè kòk ap chante, n’a fèk kare ap danse
-Chorus-
Lanmou se flanm ki klere devan m
Lanmou se kan’m, se sa m vle defann
Lanmou se zam ki fè m santi m fanm
Lanmou se san m Chak fwa tankou premye fwa
-Verse-2
Chak fwa tankou denyè fwa
Lanmou nou se tout pou tout
Nou pa ka mize nan wout
Kò nou mare, swè koule, n depale
Kòk ap chante nou fèk kare ap danse
Lanmou se flanm ki klere devan m
Lanmou se zam ki fè m santi’m fanm
Wi lanmou se pa’m, wi lanmou se san m
Wi mwen jwenn yon nonm, nou vle ret ansanm
Wi lanmou, wi lanmou
Pèsonn pa kwè se vre
Kounye a m damou tout bon vre
Nou tou pre, je nan je, kè m kase Tout moun di sa k pral pase
Kò nou mare, swè koule, n depale
Kòk ap chante nou fèk kare ap danse