LYRIC

Kreyòl la djaz la jenès la
Sa se 5Lan
Woy woy woy
Doulè lanmou sa soti pou touye mwen
Woy woy woy
Doulè lanmou sa soti pou l fini avè m
Doktè m vin bò kote w pou m eksplike w
Jan m santi doulè sa k ap ravaje tout andan m
Lanwit kou lajounen m ap soufri
Mwen pa ka sipòte l
M santi l mache tout andan m
Si w manyen m la – mwen santi l
Si w teke m la – li fè m mal
Si w vire m la – mwen santi l
Si w tounen m la – li fè m mal
Sa t ap tèlman bèl si w jwenn on solisyon
K ap geri maladi an mwen
K ap anpeche m soufri
Sa tap tèlman dous si w jwenn yon soulajman
K ap ban m yon garanti
K ap sipòte m san kondisyon
Si w manyen m la – mwen santi l
Si w teke m la – li fè m mal
Si w vire m la – mwen santi l
Si w tounen m la – li fè m mal

[Guitar Solo]

[Keyboard Solo]
Doulè lanmou sa pase m
Doktè vini pou w jere m
[Guitar Solo]
Isi Kreyòl La tout moun konn rès la
Ajuste yayad la ann avanse

Kreyòl La 5Lan
Ti Joe gad on doulè, kenbe kè w lache ren
Doktè Benito – jere sa
Doktè Ti Harold – jere sa
Doktè Richard Urbain – jere sa
Doktè Desamours – jere sa
Alo Doc Edwin – jere sa
Doktè Daphne – jere sa
Doktè bng yo – jere sa
Dòk Zigizigizag – jere sa
Twa kout soupi pou yadyad sa
Hm hm hm

[Guitar Solo]

Kenbe kè w lache ren
Base entertainment – jere sa
Doktè Miyagi – jere sa
Doktè DJ Flow – jere sa
Tout moun k ap gouye yo – jere sa
Twa kout soupi pou yadyad sa

Added by

OpaStaff

SHARE

VIDEO