LYRIC

Music, Lyrics, & Arr. by Jean H. Richard (Richie)
KLASS!
Fò’m pale mezanmi!
Yeba!

Tèlman m obsede ak pwobèm peyi mwen
Mwen pa kapab fèmen je mwen
Soulye a gendwa pa vle di nou
Men l konn lè on chosèt gen twou
Nou konfonn neglijans ak aksidan
Nou tankou on pakèt ti bèt kouran
Maladi peyi m paka pi grav
Paske pi mal se kadav

♫ ♪ Anmwe! Anmwe wo!
Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou
Bondye! Bondye wo!
Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou
♪ ♫

Pouki n ap fòse pèp la di viv kounya
Lè n konnen l pral di aba pita
Li fè m mal lè n kouri pou lapli
Se nan lanmè nou blayi
Pa bezwen konn kiyes ki prezidan
Depi yo vote l legalman
Mwen bouke wè manyòk kap rache
Pou yon pi mal ranplase

♫ ♪ Anmwe! Anmwe wo!
Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou
Bondye! Bondye wo!
Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou
♪ ♫

Pipo kòman w ye!?
Nap gade san pran sa kap pran san gade!
Adje frè! Se vre wi Richie! Yeba!
Pwofèt la pale! Ayisyen tande!
Tout tan n gen souf fon batay!
Yonn pou lòt! Yonn pou lòt!

♫ ♪ Nou gen posiblite chanje
Se bòn volontè nou manke
♪ ♫

Kot ti sa n paka fè la?!

♫ ♪ Nou gen posiblite chanje
Se bòn volontè nou manke
♪ ♫

Adje! Si w konnen l pa bon pou zwa
Pa di li bon pou kana
Si nap rele chen papa pou zo
Diyite n a zero
Kay ap bati nan ravin
Tankou pye bwa k san rasin
Si yon lòt seyis pase
Dega yo pral repete
Paske nou pa janm pare

♫ ♪ Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!
♪ ♫
(Repeat)

Nou bezwen yon lòt Toussaint
Yon Dessalines tap fè n byen woy
Devan radiyès Dominiken
Yo ta ede n goumen
Tout sak fè nou parèt gran
Se nan listwa nou yo ye
Nou bezwen lidè vanyan
Ki pap preche n reziye
Ki gen kouraj ak diyite

♫ ♪ Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!
♪ ♫

Figi nou atè a!

♫ ♪ Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!
♪ ♫

Si maladi n pi grav nou pral kadav!

K-L-A-S-S! KLASS!
Manman, manman, manman, manman!

JP fè travay ou!

Rapidite! Sa li ye!

♫ ♪ Se nan Klass la! Tout pawòl pale!
Wi se nan Klass la! Tout pawòl pale!
♪ ♫

Oolalalalalala! Quelle affaire?!

♫ ♪ Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!
♪ ♫

Nou pa gen respè pyes kote!

♫ ♪ Pran sans nou!
Anmwe sekou!
Nap pèdi eskanp figi nou!
♪ ♫

Si n pa parèt ansanm, nou pral disparèt ansanm wi mezanmi! Heyhey!
Al medite sou sa!

Added by

OpaStaff

SHARE