LYRIC
Se te nan yon bèl ti peyi
Mango bèl flè tape fleri
Yon wa te gen yon pitit fi
Amelie te bèl kou solèy
Oh oh oh oooo
Lan mòn jouk lòt bò la vale
Yon jèn mizisyen san fanmi
Tape jwe pyano san rete
Pèson n pat vle proche kay li sof Amelie
Amelie pate janm pale
Men chak swa li pa sa dòmi
Jouk tan serenad la fini
Jouktan jou louvri
Amelie
Oh oh oh oooooo
Prensès la te viv san plezi
Men wa vi n santi jalouzi
Li vi n wè gen malediksyon
Lan tout tanbou lan tout chanson
Oh oh oh oooooo
Lan mòn jouk lòt bò la vale
Jou yo te boule tout pyano
Se lè sa tan vini chanje
Van move la sechrès te mete pye
Amelie menm pete kriye
Yo melodi tanmen chante
Lan tèt li chak nuit jouktan jou louvri
Amelie
Amelie
Oh oh oh oooooo
Amelie menm pete kriye
Yon melodi tanmen chante
Lan tèt li chak nuit jouktan jou louvri
Amelie
Amelie
Oh oh oh oooooo
Se te nan yon bèl ti peyi
Se lè prensès la vi n mouri
Jou yo te metel anba tè
Yon vwa monte nan simityè
Oh oh oh oooooo
Lan mòn jouk lòt bò la vale
Flit tanbou gita vi n marye
E tout moun kòmanse danse
Mango bèl flè tanmen fleri pou Amelie
Amelie menm te vle chante
Men chak swa vwa li vi n chame
Tout abitan bò la vale sonje Amelie
Amelie
Oh oh oh oooooo