LYRIC
Ou di mwen ou renmen mwen
Ou di mwen ou damou mwen
Ou di si m pa ba w ke mwen
Ou pap gen yon demen
Ou di m san mwen ou nan chagren
Ou di m san mwen vi w ap fennen
Ou di m tout sa w konnen
Pou pran m nan pelen
Ou di m tout sa w konnen
Pou pran mwen nan pele
Yeah
Mwen dako pou nou renmen
Mwen dako pou n kenbe men
Men si w vle n ale pi lwen
Fo w pran yon lot chimen
Fo w aksepte pou n fiyanse
Fo w aksepte pou nou marye
Le sa a pap gen di lide
Nap “go all the way”
Pa gen..en de lide
Nap “go all the way” iye
Di mwen sa ou vle
Ban mwen sa ou vle
Si nou pa marye
Cheri mwen pap “go all the way” (2 fwa)
Nou ka kenbe men si w vle
Nou ka fe ti bo si w vle
Men si w vle penyen lage
Fo nou marye
Ou met di mwen sa ou vle
Di w renmen mwen jan ou vle
Cheri si nou pa marye
Mwen pap ba w goute
Di mwen sa ou vle
Ban mwen sa ou vle
Si nou pa marye
Cheri mwen pap “go all the way”
Di di di di di mwen
Di mwen sa ou vle
Ban ban ban ban ban mwen
Ban mwen sa ou vle
Cheri
Si nou pa marye
Cheri mwen pa “go”
“All the way”
Si nou pa marye cheri
Pa gen sa pyes
Ou vle ban mwen kay – Se pa sa mwen vle
Ou vle ban mwen oto – Se pa sa mwen vle
(Ou) Ofri mwen lajan – Se pa sa mwen vle
Pou fe mwen brannen – Se pa sa mwen vle
Ou menm pwomet mwen – Se pa sa mwen vle
Fe letoudimond – Se pa sa mwen vle
Men cheri sa m vle
Se rete ave w jiskaske m mouri
Maryaj pou tout tan – Ban mwen l “all the way”
“Amour infini” – Ban mwen l “all the way”
Mwen ave w selman – Ban mwen l “all the way”
San majigridi – Ban mwen l “all the way”
N pap janme fache – Ban mwen l “all the way”
Janme separe wo – Ban mwen l “all the way”
Ah! Nou dwe ale – Ban mwen l “all the way”
Ale “all the way”
Di mwen sa ou vle
Ban mwen sa ou vle
Si nou pa marye
Cheri mwen pap “go all the way”