Sain-Vil, Eddy

INFORMATION

Eddy Sain-Vil, gason trankil, pran nesans 16 Sektanm 1960 nan Miragwàn, pitit Margot ak Jacques Gérard Saint-Vil. Moun serye, timid, trè aplike, ou kapab menm konprann misye pa konn pale. Eddy toujou pare pou ede e pataje ak yon lòt pwochen. Li fè etid primè li yo nan lekòl Jean XXIII, epi etid segondè li yo nan Saint-Louis de Gonzague, an Ayiti. Misye rante City College of New York (CCNY) nan lane 1988 kote li dekwoche yon diplòm nan Jeni Elektwonik.Eddy Sain-Vil, gason trankil, pran nesans 16 Sektanm 1960 nan Miragwàn, pitit Margot ak Jacques Gérard Saint-Vil. Moun serye, timid, trè aplike, ou kapab menm konprann misye pa konn pale. Eddy toujou pare pou ede e pataje ak yon lòt pwochen. Li fè etid primè li yo nan lekòl Jean XXIII, epi etid segondè li yo nan Saint-Louis de Gonzague, an Ayiti. Misye rante City College of New York (CCNY) nan lane 1988 kote li dekwoche yon diplòm nan Jeni Elektwonik.

Eddy koumanse travay ak yon salè $49,000 usd nan konpayi Bell Communication ki baze New Jersey. Pandan li ap travay, li ap jwe mizik ak Zin kòm gitaris/chantè/konpozitè. San kanpe, misye tou pase metriz li, an 1990. Nan lane 1991, misye deside kite travay la, kote li te ap touche $52,000 usd, pou li ale jere biznis li ki se Zin. Lokal la te repati konsa: Zin magazen vann plak, kasèt ak CD, Zin estidyo odyo, Zin estidyo videyo, Zin emisyon televizyon “Vide Yo Ak Videyo”, Zin biwo pou siyen kontra ak òganize reyinyon.

Gwo jwè foubol devan zansèt yo. Anvan li kite Ayiti pou ale viv Etazini, misye te jwe nan ekip Club Saint-Louis nan dezyèm divizyon. Lè Eddy rive Nouyòk, misye tèlman te konn bwè dlo boul, yo te rive klase li kòm pi bon jwe foutbòl (VIP), nan chanpyona entèinivèsitè Nouyòk la, pandan de lane yonn dèyè lòt, (1984-1985). Eddy pase twa zan ap byen briye nan jwe foutbòl pou inivèsite a (CCNY), misye te gen kèk lòt bon grenn jwè ayisyen ki te konn segonde li, tankou: Daniel Dumé-Charles, Garry Sablon, Frantz Edouard, Wesly Edouard, Fénélon, et Harold Damas. Foto ak non Eddy Saint-Vil rete grave pou lavi nan jimnadyòm City College of New York pou tout ekslpwa li te akonpli nan reprezante inivèsite a ak anpil fyète e lonè. Ale fè yon ti visit lekòl la, ou va we e konprann tout sa Eddy Saint-Vil te akonpli nan foutbòl.

Frè Eddy, gitaris Compas Dirèk, ti non gate nou te konn rele li sou kanpous inivèsite a, konpoze e chante premye mizk Zin “Pa Dekouraje” ki pran lari, anvan albòm lan te soti. Se li tou ki konpoze “Fè m Vole” pi gwo hit Zin sou premye albòm gwoup la ki te gen menm non an tou. Misye konpoze majorite hit Zin yo. Eddy toujou valorize fanm anpil nan tout tèks li ekri yo. Li te itilize lanmou pou sèvi chwal batay li nan konpozisyon li yo. Non Eddy figire sou plis mizik nan Zin pase tout lòt konpozitè gwoup la yo, tankou: Pa Dekouraje, Fè M Vole, Tou Kole, Opa, Men Zin, Pou Ou, Nan Nannan, Pataje, Pale W Pale, Matcho Siwo, Yo Pou Zin, All The Way, Se Ou, Toi, Yon Lòt Fwa, Pawòl La Pale, Pap Kite W Ale, Lanmou, Ki Mele M, Kòman Ou Ye, Ou Jwenn Bout Mwen, Pi Rèd, M Anvi Wè W, Pa Okipe Li, Di Papi Wi, Boubout, Hasta La Vista, Fè L Pou Mwen, Pa Gen Danje, 3 Lèt Sèlman, Ban Mwen Lanmou, Aswea, Rosie, I Love You, Groove La, Li Bon, Vakans, Happy Birthday, Ban M Tikal, Padone M, Chofe, Lemante M, Ti Randevou, Poko Poko, Koyo.

Eddy rantre nan ansèyman an 1997 nan nivo inivèsitè pandan li gitaris Zin e fè pati administrasyon gwoup la tou ki trè aktif. Misye pa te kanpe la, nan lane 2011, li dekwoche yon lòt metriz an edikasyon. Li pase anviwon katòz lane ap anseye matematik nan nivo segondè ak inivesitè (New York). Pandan tout tan mwen fè zanmi ak Eddy, misye pa janm sispann pale mwen de papa li (Jacques Gérard Saint-Vil). Eddy toujou ap repete se gras ak papa li ki lakoz li vin fò konsa nan matematik. Misye pa janm bouke rakonte tout estrateji papa li, Jacques Gérard, te konn itilize yo, pou te fè li metrize matyè sa a byen konsa. Sou kanpous City College la, nan epòk fen lane katreven yo, Eddy te deja yon pwofesè matematik pou anpil etidyan ayisyen e etranje. Depi yon etidyan gen pwoblèm ak yon klas matematik, reflèks la, se te al konsilte Eddy Saint-Vil, tout pwoblèm matematik ou rezoud ak bon eksplikasyon. Se la tou, sou kanpous inivèsite City College of New York (CCNY), siksè Zin pral koumanse lakòz popilarite Eddy lekòl la, nan foutbòl ak ede etidyan nan matematitik. Premye fanatik Zin yo soti nan etidyan City College yo tou natirèlman, san fè ankenn efò, Frè Eddy bay Zin anpil moun.

Eddy peze lou nan Zin e mizik ayisyen an tou an jeneral, sitou ak tout bèl mizik e mega hit « Fè m Vole » li te konpoze yo. Se « Fe m Vole » ki idantifye jenerasyon 1990 kòm pi gwo hit. Sou twa premye albom Zin yo, misye konpoze anpil mizik ki fè plis siksè pase tout lòt mizisyen gwoup la. Mizikalman, se ak Eddy mwen plis kolabore nan gwoup la, espesyalman sou albòm Shirley Desgrottes + Zin an « Yon Lòt Fwa », se la tou, nou te koumanse avanti a. Li te ankouraje mwen travay ak li sou tèks yo, sitou. Se mwen tou ki te bay misye konfidans pou li te rive kapab, pwodiktè, konpozitè, otè, gitaris, kotch chantè a, e enjenyè son, an menm tan. Yon esè ki vin tounen yon katafal siksè.

Albòm lan fè yon siksè san parèy ak mega-hit « Yon Lòt Fwa » a ki se mizik fetich Shirley. Se tankou Gloria Gaynor ki se yon gwo vedèt ameriken nwa, si li ta gen pou entèprete yon sèl mizik nan kèlkeswa konsè sou latè, se « I Will Survive » li ap chwazi ki se konpozisyon Dino Fekaris & Frederick J. Perren. Menm bagay pou Shirley, si li ta gen pou entèprete yon sèl mizik tou, se te ap toujou « Yon Lòt Fwa » konpoze pa Eddy Saint-Vil e Pierre Michel Théodat.

ARTIST PHOTO

ALBUMS

LYRICS

ADVERTISEMENT