LYRIC
Savalou wi, mes chères citoyens
Sa kap pran ak sa k pa di anyen
M a doulè a la nan tout rakwen
Ou ka vle inyore l, kanpe lwen l
Li fin ta, n ap di l bonè
Sèl okazyon nou se misyon pou lapè.
Nan gran ravin, ti bwa geto yo toujou g on men
K ap manipile
Nèg ki lekòl K ap kenbe galil nan men l
San’l pa achte’l
Nan bidon vil Ayisyen ap viv an ekzil
Nan prop peyi l
Otorite, w pa ka pran pwòp pèp ou kòm enmi w
Ou la pou sèvi l
Ayisyen,
nou gen moun ki te batay
Ewo nou yo pat travay pou sa
Pou’n pat konsa, jan’n ye la
Ewo nou yo pat travay pou sa
Pa wè ou pa wè
W ap fè kòmsi w pa wè
e w konte kòb, chak jou
Ou wè, ou wè, ou wè, ou wè
Pase Stevie Wonder.
Lajistis toujou pi prese
pou trase lekzanp sou malere
Men mèt afè a ap byen sikile
se yo k pi gwo privileje
Yo fin pran epi y ale
san yo pa negosye
Peyi sila ap viv kou òfelen
nan mitan yon bann gwo je
Pa wè ou pa wè
W ap fè kòmsi w pa wè
Ou wè, ou wè, ou wè, ou wè
Pase Stevie Wonder
El maestro, pale.
Sa fè kèk tan la, n okipe
men sanble sa pa deranje
Frè nou yo nan gouvernement
sa’k nan gran pozisyon
Pifò vle pran epi y ale
san yo pa negosye
Peyi sila ap viv kou òfelen
nan mitan yon bann gwo je.
Ou la lala, Dener Ceide ki la
Sispann jwe ak peyi a, jwe ak peyi a
Sa nou wè yo bay dlo nan je
Sispann jwe ak peyi a, jwe ak peyi a
Lavi moun se bagay serye.
Wi, m ap di unissons nou pandan m konnen pami nou
Gen sak pa janm dakò, yo ta prefere lanmò
E li ta bèl si kèk nan nou
Va chwazi defann peyi nou
Pran riches nou ak fos nou
Pou’n sove lone’n
Ki le rat kay
Va sispann manje pay kay
Sispann jwe ak peyi a, jwe ak peyi a
Sa nou wè yo bay dlo nan je
Sispann jwe ak peyi a, jwe ak peyi a
Lavi moun se bagay serye.
Mwen bouke di unissons nous
Paske’m konnen pami nou
Gen sa’k pap janm dako
Yo ta prefere lanmo
Men li va bel le kek nan nou
Va chwazi met granmoun sou nou
Pran riches nou ak fos nou
Pou’n sove lone’n
Ki le rat kay
Va sispann manje pay kay
Zafe’m Lage’l
N’al Chache’l
Woy
La vi an vwayaj
men penitans gen jou’l
M’pa ka kont peso’n o
Paske nou tout se fre
men verite pa zanmi
Moun ki annafe
Sou’w we’m an kole
Se le’m we Fanmim yo
Jan yap jwe ak la vi yo
M’pa ka kont peso’n o
Paske nou tout se fre
verite pa zanmi
Moun ki annafe
Si’w ta va remake’m an kole
Sou we’m an kole
Se le’m gad Fanmi’m yo
M’we jan yap manipile yo