LYRIC
Li pote la jwa nan ke
Kote’l pase se ke kontan
Si ou santi’w dezespere
Depi’w tande’l wap soulaje
Depi’l frape tout moun sou pye
Yo leve pou ya’l danse’l
Femen zye ou lache ko ou
Kite feeling Kompa
Mennen’w ale
Gen moun li fe tombe damou
Pandan ke ya’p danse kole
Mesie dam fet atansyon
Pou’l pa fe nou depale
Gen moun ki di li son siwo
Depi’w goute’l li remonte’w
Li s’on bon medikaman
Pou chagrin ak maladi
Kompa direk son relijyon
Kompa se yon sakreman
Kompa se yon adiksyon
San Kompa lavi fini pou mwen
Kompa se soulajman
Pou tout moun ki nan lapinn
Kompa s’on vitamine
Mizik Kompa s’on terapi
Men Kompa
Woy woy woy
Kompa rantre nan kay la
Mete ko ou sou kote
Ba’l pase (x2 fwa)
Depi Kompa frape pa gen chita gade
Tout mounn leve danse
Pou ya’l danse kole ploge
Woy woy woy
Kompa rantre nan kay la
Mete ko ou sou kote
Ba’l pase (x2 fwa)
Woyy
Chale Kompa monte kay la pra’l pran dife
Mwen di rele pompye
Ede’m chante mezanmi
Chorus:
Woy woy woy
Kompa eantre nan kay la
Mete ko ou sou kote
Ba’l pase
Woy woy woy
Chorus:
Wey, Anmwe, Wey, Men Kompa
Djaz la mande
Chorus:
An’n mete Kompa sou yo
An’n pouse Kompa pi ro
An’n mete Kompa sou yo
Tout fanatik
Chorus:
An’n mete Kompa sou yo
An’n mete……
Djaz la mande
Tout fanatik
Tout moun ansanm
Mape mande