LYRIC

Depi w tande le sa a rive
Pa gen rete chita gade
Se leve pou al selebre
Wooo! Fet la komanse

Tout laviwonn dede konpe
Yap cheche kot plezi a ye
Kominote a deside djaye jouk tan soley leve

Chorus

Woooy! … … … Gade yo
Woooy! … … … Yo prale selebre
Woooy! … … … Fet la komanse
Woooy! … … … Yo tout prale danse

Machann fritay yo nan lari
Tout bak yo plen, yo byen gani,
Griyo a deja sou dife
Bannann tranpe nan dlo sale

Ban mwen 2 mak sosis souple
1 goud taso, 2 goud lanbi
Pa bliye mete bon kou pikiz
Madamn! Ban mwen l byen awoze

Chorus

Selebre! Selebre anye ma ro yo
Selebre! Selebre anye ma ro yo

Ale w fe Woooyy!
Ala w fet, mezanmi!
Ti jan sou kou masena
Ta di l pral nan madigra
Magaret pa janm pi bel
L’sbiye kon abdenwel
Selebre l’pral Selebre!
Selebre l’pral Selebre!

Pa bliye pa bliye
Ban m yon kout selebride
Li mete se nan yon ti gode
Se chofe m bezwen chofe
Pa bliey pa bliye
Ban m mwen sos mwen byen pike
Ban m manje m byen awoze
Selebre ma Selebre!

Jump up – jump up – junp up and whine
Bump bump bump and grind

Added by

OpaStaff

SHARE