LYRIC
We mwen we wap pase
M senti ke m kase
Ou fe mwen rete bouch be
Tout ko mwen paralyze
Meseye pale, meseye bouje
Ampil kontrol, avan m rejwen la parol
Makome kouman ou ye
Di mwen pouki m deregle
Pouki chak fwa wap pase
Lang mwen lou, m paka pale
Jodi a m di fo m vanse
Pou nou fe yon ti convese
Ouve zoreil ou souple
M gen yon bann ti bwa pou m kase
Fe ke nou kontre pou nou ka voyage
Fe nam nou kwaze
Fe lanmou san rete
Pou tout ko n pran dife
Jouk tan soleil leve
Jouk tan nou fatigue
Jouk mwen tombe
Chorus
M tonbe, m tombe, m tombe
M tombe, bon tombe
M tombe, m tombe tout bon, m tombe
M tombe, bon tombe
Lo wap gade m manvi rele
Lo wap gade m manvi krye
Depi je ou tombe lan je m ti chou
Ou fe m boulvede
Loloj mwen vire. m pa konn kote m ye
Mwen dekontrole manmie
M senti m pral tombe
(Repeat chorus 1)
Fanm sa se bone mwenan se mirak lan vi mwen
Li chita nan ke m tout la jounen
Pa janm deplase, wo
Fanm sa se bone m, se mirak lan vi mwen
Toujou nan lespri m, tout sa mwen fe, li pa janm
Deplase
Li anvayi mwen—eh
La anvayi mwen-eh, eh
Chak fwa mwen we l
Li fe ko mwen cho, fe san m tounen dlo
Li anvayi mwen–eh
Li anvayi—mwen- eh, eh
Depi m kote l, pye m paka pran te, mwen senti m anle