LYRIC
Ke mwen ak ke ou te fe yon sel
Nou t’ap mennen yon vi fidel
Yon vi si bel a natirel
Lanmou n’doudou te eksepsyonel
Ou pa t’ yon moun ki konplike
Tout sa m’te ba ou ou t’apresye
Pa t’ gen manti pa t’ gen soufri
Nou t’ape viv “en harmony”
Had no problem
Doudou nou te damou
Pa t’ gen pwoblem
Chak jou n’ te fe lanmou
Had no problem
La vi n’ cheri te bel
Pa t’ gen pwoblem
Chak jou n’te lindemyel
Yon move jou m’rete m’tante
M’ale fe yon ti pa chat
Byen sere m’ap fe lanmou
M’ouvri je m’mwen we se ou k’ap gade m’
Bagay yo mare
Bagay yo mele
Lead/Chorus
Ou bare m’
Gwo koze
Ou fache
Tet chaje
Ou vire
Jwet gate
Gade yon pa chat ki vin pou mwen
Ou bare m’
Gwo koze
Ou fache
Tet chaje
Ou vire
Jwet gate
Pa koute kole ou pou kite mwen
Se yon move ze ki mete m’la
De m’ pedi fos pedi lafwa
Cheri m’pa t’ajnm vle rive la
Pa t’janm vle tonbe nan mera
Se premye fwa se denye fwa
Anverite m’pwomwet ou sa
Pa chat sa pap voye n’ale
Fe n’ separe fe nou kite
Woy woy woy
Mwen pran nan mera
Nan ti pa chat sa a Manman
M’pedi ni sak ni krab