LYRIC
Anvan n’te rankontre
Mwen pa t’konnen kisa mwen vle
Anvan chimen n’kwaze
Chak jou mwen t’ap mache cheche
Mwen t’ap antre soti
Mwen t’ap ale vini
Jouktan yon jou m’ patan sou ou
Mwen kote a mwen damou ou
Sa ou fe m’ nan fe m’renmen ou doudou
Sa ou fe m’ nan fe m’damou ou
Lanmou ou ranpli ke mwen
Anverite ou te fet pou mwen
Ou banm tout sa m’ bezwen
Ave ou mwen pa manke anyen
M’ipnotize mwen kaptive
Pou mwen se ou se l k’ekziste
Di mwen kisa ou fe mwen doudou
Pou se konsa mwen damou ou
Sa ou fe m’nan fe m’renmen ou doudou
Sa ou fe m’ nan fe m’damou ou
Chorus 1
Fe l’ pou mwen cheri o ho
Fe l’ pou mwen wo ho o ho
Sa ou fe m nan telman bon
Kontinye fe li pou mwen
Fe l’ pou mwen cheri o ho
Fe l’ pou mwen wo ho o ho
Sa ou fe m nan telman dous
Kontinye fe li pou mwen
Nan tout fanm sou late
Se ou menm sel mwen we
Chak fwa m’we ou mwen bebe
De pye mwen pedi te
Jem lanmou mwen pou ou
Boujonnen fle chak jou
Se pou ou ke m’love
Tankou on ti fle dize
Chorus 1
Fe l’ pou mwen
Cheri l’ telman fe m’dous
Fe l’ pou mwen
Mwen vle ou kontinye
Fe l’ pou mwen
Doudou m’pa vle ou rete
Fe l’pou mwen
Toujou toujou
Tonne boule m’
Tonne kraze m’
Vyey pete je m’
M’met anraje
M’ap semante
Resemante
Devan bondye
Se ou mwen vle
Doudou doudou
Fe l’ pou mwen
Nan nwit kou lajounen
Fe l’ pou mwen
Doudou l’ telman fe m’ byen
Fe l’ pou mwen
M’pa vle ou janme sispann
Fe l’ pou mwen
Cheri l’ telman fe m’dous
Fe l’ pou mwen
Mwen vle ou kontinye
Fe l’ pou mwen
Doudou m’pa vle ou rete
Fe l’ pou mwen
Toujou toujou toujou