LYRIC
Nwit lan si bel doudou
An nou kite lespri lanmou anvayi nou
Pou nou damou
Jiskaske l’ jou
Wi tet mwen cho men pa di yon mo
Banm yon ti bo dous kou siwo
Cheri m’ vle dous kou myel
Mwen vle rive nan syel
Wi tet mwen cho men pa di yon mo
Ban m’ yon ti bo dous kou siwo
M’anvi pran gou lanmou ou
Jouk mwen sou jouk mwen fou
An nou blye kote nou ye
Kot moun pap tande ni gade
Tankou se nou sel k’ ekziste
Pou lanmou ka pote n’ale
Tanpri manmi di papi wi
M’konnen ou anvi jan mwen anvi
M’anvi fe ou jwi m’vle jwi ou cheri jouk n’ateri nan paradi
Chorus 1
Tanpri tanpri manmi
Tanpri di papi wi
Ou konnen byen jan m’anvi
M’anvi jwi ou cheri
Chorus/Lead
Manmi manmi di papi wi
Di m’ wi
Cheri vi n’ pi pre
An n’ sispann pale
Fa nanm nou kontre
Fe syel la gwonde
Chorus/Lead
Pou ke n’ pran chante
Ko nou pran dife
Pou n’ mande anraje
Fe late tranble
Chorus/Lead
Cheri nwit lan si bel
An nou fe yon sel
Konsa n’a va pran zel
Zel pou setyem syel
Chorus/Lead
Fe papi plezi
Pou lanmou blayi
Pou n’ pedi lespri
We n’ nan paradi