LYRIC
Jodia cheri m ape mqnde w padon
Podan pou mize m fe w pase
Jodia doudou m ape mande w padon
Pou soufrans mwen fe w andire
Mwen fe w rele
Mwen fe w kriye
Mwen ba w manti
Mwen fe w soufri
Padon cheri m ape mande
Pou padon w m ap fe sa ou vle
Mwen fe w rele
Mwen fe w kriye
Mwen ba w manti
Mwen fe w soufri
Padon cheri m ape mande
Pou padon w m ap fe sa ou vle
M ap ajenou nan pye w
Pou m priye w sipliye w
Femen je w louvri ke w
Bliye tout sa m te fe w
Se padon w m ap cheche
Lanmou w m vle retwouve
Wi cheri mwen pare
Tout sa w vle se li m vle
Padone m cheri
Pa done m doudo
M ap fe tout sa ou vle
Tout sa w vle se li m vle (2 fwa)
Pou mize mwen fe w pase
Padon m ap mande w padon
Pou kriye mwen fe w kriypadon m ap mande w padon
Pou soufrans ou andire
Padon m ap mande w padon
Pou male pou touman pou mize m fe w pase
Padone m cheri
Pa done m doudo
M ap fe tout sa ou vle
Tout sa w vle se li m vle (2 fwa)
Fe pa m cheri Fe pa boubout ou
Fe pa m doudou Fe pa mannaj ou
Fe pa m cheri w se pa m fe pa fanm dous ou
W ap toujou pa m (2 fwa)
Tout sa w vle
M ap fe tout sa ou vle
Pou bliye mize m fe w pase
Bliye soufrans mwen fe w andire
Tout sa w vle
M pa fe tout sa ou vle
Pou di m ou padone mwen
Pou dim n ap tounen renmen
M ap fe m ap fe tout sa w vle
Pou lanmou w m ap fe tout sa w vle
Mwen pare pou m ba ou tout sa w vle
Pou mwen jwen padon ou m ap fe tout sa w vle
Tout sa w vle
M ap fe tout sa ou vle
Pou bliye mize m fe w pase
Bliye soufrans mwen fe w andire
Tout sa w vle
M ap fe tout sa ou vle
Pou di m ou padone mwen
Di m n ap tounen renmen