LYRIC
Mwen louvri yon paj nan liv sakre’w la
M’pa ka fèmen’l paske’m m’wè twòp deja
Se nou ki konn sa’n pral fè ak sa
Mwen gentan anpwazonen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sa’k rive
Ou di pouki se wou k’tonbe anba
An plis ou di’m lavi’m chaje avèk dram
Men lè’n fè lanmou, ou di’m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m’pa enpresyone
Li pa fasil pou kè’m kase
Ou annik vini, ou tounen nesesite’m
Cherie ou se tout sa’m t’ap chèche
Tout sa’m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan Ki sere
Ke’m te finn bliye
sanzatann m’al trouve (x2)
Nou pa gen anpil tan, pou tan se kòmsi te ansanm toutan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sak fè aprezan li pa deranje’m lè yo di’m twò inosan
Sè’l mwen ki konn pouki rezon
Cherie ou se tout sa’m t’ap chèche
Tout sa’m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan ki sere
Ke’m te finn bliye
sanzatann m’al trouve
Si’m wè m’ap bat kò’m devan’w.
Si tout fwa ‘w wè m’aji kon ti pantan
Li pa an tanperanman’m pou’m fè pedan
M’pa fè pwomès toutan
Men tan m’avèk tan’w vo plis ke dyaman
baby. Mwen ak ou fè lesyel kontan
Yo di pa gen lanmou ankò, ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò, dakò
(Men ki mele m’avè yo)
Yo di pa gen lanmou ankò, ankò
(M di sa pa gade nou)
Mwen men avè’w nou pa dakò, dakò
Alèkile, vrè lanmou ra pou trouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye’l s’on bagay ki sakre
Jou mwen avè’w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite
Doudou vini mwen ba’w siwo
Yo di pa gen lanmou ankò, ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò, dakò
(Men ki mele m’avè yo)
Yo di pa gen lanmou ankò, ankò
(M di sa pa gade nou)
Mwen men avè’w nou pa dakò, dakò
Alèkile, vrè lanmou ra pou trouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye’l s’on bagay ki sakre
Jou mwen avè’w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite
Doudou vini’m vlope’w