LYRIC
Lanmou se yon tresor
plis pase dyaman ak lò
tout ké ou te pou mwen
men mwen pat pran sa pou anyen
Ou te renmen’m ak lafwa
maten, midi, e swa
men m’pat we, m’pat tande
mwen te pati m’kite’w m’ale
Depi nou kite anpil bagay pase
mwen monte, mwen desann
mwen pran anpil gagann
kouneya m’nan savann
mwen we djab vle pran m
mwen resi konprann
pesonn paka ban mwen sa ou te ban’m
Chorus:2X
Pou yon lot fwa
yon denye fwa
aksepte mwen nan ke ou
kenbe mwen sou ke ou
Verse 3
mwen konen mwen te fe’w mal
men pa ban’m penn kapital
pa kondane’m san jije’m
fe pa mwen padone’m
mwen konen’w te blese
e mwen konen’m te fe’w kriye
men’m konn lanmou gen anpil pouvwa renmen mwen
Chorus: 2X
mwen konen’m te ba-w kout ba
men’m regret mwen te fe’w sa
piga’w a vanjans, pratike tolerans
cheri kouneya m’we kle
ke mwen gen anpil regre
di’m ou vle rekomanse, di’m ou vle
Chorus 2X
Lanmou’w pou mwen enkwayab
li fe’m santi m konfotab
antre nan zantray mwen pou’w we
kijan cheri’w banm bonne
tanpri cheri an-n tounen
an nou tounen renmen
m’ap fe tout sa’m konen
pou’n ret renmen
Chorus 4X