LYRIC

[Verse]
Lè maten vle limen, sonje mwen renmen ou
Lè jodi vin demen, sonje mwen renmen ou
Lè douvanjou detire kò l
Souvni lanmou chanje wò l
Lè m pèdi lapawòl
E si w ta wè zetwal mwen fè k tenyen
Sonje mwen renmen ou
Lè flanm balèn vle danse, se ou mwen sonje cheri
Lè pesònn pa reponn, se ou mwen rele
Ouh, lè lanmè pran demonte
Lè gwo batiman chavire
Lè dife tounen sann
Se ou menm sèl ki pou rive konprann
Sonje mwen renmen ou
[Bridge]
Men kèlkeswa rezon ki fè nou separe
Menm lè tout verite fin efase
Sonje mwen renmen ou
Sonje mwen renmen w
Sonje…

Ou hou, sonje mwen renmen w
Mmmhmm, sonje mwen renmen w
Yeah…
[Sax solo]
Tada, tada, tada
Tou doup tou doup doup
[Verse]
Si san w ka koule nan vènn mwen
Lè loray fin pase lè m retounen
Lè tout tanbou yo fin sonnen
Tout chimen yo se lan bra w yo mennen m

Facebook Comments

Visits: 79


Added by

Opastaff

SHARE

error: Content is protected !!
Haitian Music Archives